Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Jezi ba yo lòd sa a: — Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”

Gade chapit la Kopi




Mak 8:15
21 Referans Kwoze  

Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi.


Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd.


Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil.


Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”


Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l.


Disip yo te genyen yon pen avèk yo nan kannòt la. Yo te bliye pote pen.


Disip yo t ap diskite sou siyifikasyon pawòl la epi yo t ap di: “Se poutèt nou pa gen pen ki fè l ap di sa.”


Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”


Men sa m ap kòmande w fè ak tout fòs mwen, devan Bondye, devan Jezikris, ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w respekte tout sa m di w la a, san komèt lenjistis, san patipri nan mitan moun yo.


Kounye a, nan prezans Bondye, li menm ki fè tout bagay egziste, m ap ba w kòmandman sa a. M ap ba ou l tou nan prezans Jezikris ki te bay you bèl temwanyaj nan bèl deklarasyon li te fè devan Pons Pilat la. Mwen mande w:


Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite