Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 7:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè, paske se kòmandman pa yo y ap anseye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’

Gade chapit la Kopi




Mak 7:7
15 Referans Kwoze  

Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè, paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”


Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè.


Tout bagay sa yo ap pase apre yo fin pase mòd! Se yon bann prensip moun fè epi yo ansenye yo.


Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons.


Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn.


Mwen menm, m deklare pawòl pwofesi ki nan liv sa a pou nenpòt moun: Si yon moun mete plis nan sa ki di la a, Bondye ap mete pi plis sou kalamite ki ekri nan liv sa a pou li.


Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa?


E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite