Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:9
6 Referans Kwoze  

Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.


Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan.


Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan.


Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”


Sèvi ak Levanjil ki bay lapè a tankou yon soulye pou n mete nan pye nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite