Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:21
15 Referans Kwoze  

Wa a fè yon gran festen pou tout lidè ak tout fonksyonè sèvitè l yo pou onore Estè. Li bay jou sa a kòm konje nan tout vil pwovens yo. Apre sa, li voye kado toupatou bay pèp la poul montre jan l se yon wa ki jenere.


Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada ki pi bon.


Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye, Pons Pilat te gouvènè nan Jide; Ewòd t ap dirije rejyon Galile; Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit; Lizanyas t ap dirije Abilèn;


Vrèman vre, nan landmen, Agripa ak Berenis vini ak gwo kòtèj ansanm ak yo. Yo antre nan sal odyans la ansanm ak yon ekip chèf militè ak yon bann notab lavil la tou ansanm ak yo. Festis pase sòlda yo lòd epi yo mennen Pòl vini.


Nan tan lontan, nou te gaspiye twòp tan nan mennen yon kalite lavi ki sanble ak sa moun ki pa konnen Bondye yo ap viv. Nou te konn viv nan libètinay, nan pote lanvi sou sa lòt moun genyen, nan bwè tafya, nan banbòch ak nan sèvi zidòl.


Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite