Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 6:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Se Ewòd li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodyas madanm Filip, frè li, Ewòd te pran l, li marye avè l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:17
7 Referans Kwoze  

Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi.


Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye, Pons Pilat te gouvènè nan Jide; Ewòd t ap dirije rejyon Galile; Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit; Lizanyas t ap dirije Abilèn;


Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a.


Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”


Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite