Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 5:43 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo: — Bay ti fi a manje.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:43
15 Referans Kwoze  

Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”


Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a.


Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè.


La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.”


Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen.


Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.


Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou. Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.”


Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.


Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”


Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a.


Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo.


La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.


Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite