Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”

Gade chapit la Kopi




Mak 5:41
13 Referans Kwoze  

Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.


Jezi te santi l endinye poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!”


Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a.


La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.


Se kon sa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.” Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.


Li gen pou li chanje vye kò feblès nou yo, pou li fè yo vin menm jan ak kò glorifye li genyen an. Kris va fè sa ak pouvwa li genyen pou l gouvène tout bagay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite