Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Gen lòt grenn ki tonbe nan pikan, pikan yo leve, yo toufe plant lan, li pa pote okenn fwi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pat ka donnen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:7
14 Referans Kwoze  

Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.


Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo.


Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an.


Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin.


Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”


Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”


“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.


Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt.


Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite