Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:19
28 Referans Kwoze  

Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.


Jezi di disip li yo: “Anverite, li p ap fasil menm pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.


Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.


Gen lòt moun ankò, yo tankou raje pikan kote grenn ki simen an tonbe. Moun sa yo tande pawòl la,


Senyè a reponn Mata, li di l konsa: “Mata, Mata, ou ap bay kò w traka pou anpil bagay.


“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.


Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo.


Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi.


Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo.


Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi.


Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an.


Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite