Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: — Li gen Bèlzeboul sou li. Yo t'ap di tou: — Se chèf demon yo menm ki ba li pouvwa pou chase demon.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.

Gade chapit la Kopi




Mak 3:22
14 Referans Kwoze  

Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil, nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.


Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li.


Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”


Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon.


Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”


Farizyen yo ak kèk direktè Lalwa ki te vin soti Jerizalèm te antoure Jezi.


Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan, chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”


Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad.


Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè.


Moun yo reponn: “Yon demon fè w fou! Nou p ap eseye touye w pyès.”


Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”


Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite