Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.

Gade chapit la Kopi




Mak 3:10
18 Referans Kwoze  

Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la.


Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.


Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.


Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”


Kèlkeswa kote Jezi ale, nan vilaj, nan vil, andeyò, pèp la mete moun malad yo sou tout plas piblik, epi yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.


Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li.


Jezi monte nan youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi li mande Simon pou l avanse bato a yon ti kras plis nan mitan dlo. Li te chita nan bato a epi li te kòmanse anseye foul la.


Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.


Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri.


Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò.


Pèp la te vin tonbe nan bwote moun malad vin mete kouche bò lari a, sou kabann oswa sou nat, yon fason pou lè Pyè vin ap pase, menm lonbray Pyè ta pase sou kèk nan yo.


Senyè a korije tout moun li renmen; li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite