Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 “Poukisa misye sa a ap pale konsa? Apa l ap ensilte Bondye. Kilès ki kapab padone peche apa Bondye?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 — Poukisa nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”

Gade chapit la Kopi




Mak 2:7
15 Referans Kwoze  

Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”


Lè sa a, moun yo ki te chita bò tab la kòmanse di youn lòt: “Ki lès nonm sa a panse l ye menm pou l ta padone peche moun?”


Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”


Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.” Yo tout kondane li pou li mouri.


Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye.


Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”


Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè.


Te gen kèk eskrib ki te chita la ki t ap di nan kè yo:


Menm lè a tou, Jezi ki te konnen byen sa yo t ap di nan kè yo, li di yo: “Poukisa n ap reflechi konsa?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite