Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 16:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan dimanch maten, Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.) Medam yo ale rakonte Pyè ansanm ak zanmi l yo an de twa mo tout sa jenn gason an te di yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 16:9
12 Referans Kwoze  

Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede yo.


Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome.


Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.


Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.


Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase.


Te gen yon ekip medam avèk li tou. Se moun ki te gen move lespri sou yo ak lòt kalite maladi, lè te geri yo. Youn ladan yo se te Mari, moun Magdala a, sa Jezi te chase sèt denmon sou li a.


epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.


Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui.


Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l kon sa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini.


Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite