Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 14:54 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

54 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

54 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou granprèt la. Li chita ak gad yo bò dife a, li t'ap chofe.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

54 Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:54
15 Referans Kwoze  

Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.


Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo.


Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?” Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”


Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.


Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”


Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fin i.


Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt.


Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite