Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 14:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:26
13 Referans Kwoze  

Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.


Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


Èske gen kèk nan nou ki nan soufrans? Li dwe priye. Èske gen nan nou ki gen kè l kontan? Li dwe chante.


Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou.


Konsa, kisa m dwe fè? M ap priye ak lespri m, m ap priye ak entèlijans mwen tou. M ap chante ak lespri m, m ap chante ak entèlijans mwen tou.


Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute.


Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo.


Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.”


Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite