Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m temwen devan yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:9
37 Referans Kwoze  

Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.


Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.”


Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf,


Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.


Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”


Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”


Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou.


Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye.


Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.


Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn.


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou.


Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye.


Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou.


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.


Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite