Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:23
13 Referans Kwoze  

Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.


Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye.


Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a, Solèy la pral vin tou nwa, lalin nan ap sispann klere.


Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.


Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf,


Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.


“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.


Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo.


Mwen di nou sa depi kounye a anvan sa rive, pou lè sa rive pou nou kapab kwè.


Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se kon sa n ap rete fèm nan lafwa nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite