Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:22
16 Referans Kwoze  

Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye.


Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.


Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.


paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la, y ap rive twonpe anpil moun konsa.


Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”


Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.


Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an.


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


M ap ekri nou lèt sa a konsènan moun k ap twonpe nou yo.


Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.


Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite