Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Anvan sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:10
10 Referans Kwoze  

Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.


Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.


Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la.


Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikris. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa.


Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di: “Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè, mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”


ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre.


Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite