Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 12:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Men kiltivatè yo reflechi, yo di: Men eritye a. Ann touye l, kon sa jaden an ap rete pou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men mesye yo antann yo yonn ak lòt epi yo di: Men eritye a. Annou fè yon jan ak li. Konsa jaden an va vin pou nou nèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’

Gade chapit la Kopi




Mak 12:7
18 Referans Kwoze  

Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la.


Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.


Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo.


Mèt jaden an te gen yon sèl pitit gason li te renmen anpil, li voye l kote yo an dènye. Li di nan kè l: Sètènman y a gen respè pou pitit gason m nan.


Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.


Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan.


Pi gran sakrifikatè a di yo: “Èske nou pa t defann nou pale nan non nonm sa a? Epoutan, gade sa nou fè, nou ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman nou yo epi nou vle rann nou menm lidè yo responsab lanmò li.”


Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite