Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 12:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo. Li reponn yo: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m gade yon bagay.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?” Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”

Gade chapit la Kopi




Mak 12:15
14 Referans Kwoze  

Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an.


Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj?


Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès.


Lè yo rive, yo di l: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans: Èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”


Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.”


Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo:


Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?” Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.”


Yo te pale kon sa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li.


Lè sa a, Pyè di li: “Poukisa ou menm ak mari w met tèt ansanm pou nou twonpe Sentespri Senyè a? Tande byen wi, men moun ki sot antere mari w la nan pòt la ap tounen, y ap tou resoti avèk ou menm jan an.”


Pa tante Kris menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri.


Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.


M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite