Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 1:4
11 Referans Kwoze  

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.


Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.


Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans nan resevwa padon pou peche yo.


Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize.


Nou konnen kisa k te rive nan tout rejyon Jide a. Bagay sa yo te kòmanse nan Galile apre Jan te fin preche batèm repantans lan.


Kounye a, kisa w ap tann ankò? Leve non, resevwa batèm. Mete konfyans ou nan Kris la pou peche w yo kapab lave.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite