Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 1:38 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

38 Men li reponn yo: — Annou ale nan lòt bouk alantou yo tou pou m'ka preche moun yo. Paske se pou sa mwen vini.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.”

Gade chapit la Kopi




Mak 1:38
10 Referans Kwoze  

Men, li di yo: “Fòk m al anonse (bòn nouvèl) wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa menm Bondye te voye m.”


Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m.


Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt.


Mwen soti bò kote Papa a, epi mwen vini nan lemonn, men kounye a m ap kite lemonn pou m ale jwenn Papa a.”


Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.”


Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò.


Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”


Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite