Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 — Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”

Gade chapit la Kopi




Mak 1:24
25 Referans Kwoze  

Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”


Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”


Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò:


Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!”


Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.”


Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”


Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.”


Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”


Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye.


Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?” Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou.


Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a.


Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.”


Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil. Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile.


Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”


paske ou p ap kite m nan tonbo a, ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.


Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo.


Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl ban nou olye pou l ta lage Jezi.


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.


Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a.


Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite