Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jid 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Paske, gen kèk mechan ki gentan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Senyè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.

Gade chapit la Kopi




Jid 1:4
32 Referans Kwoze  

Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò.


Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.


Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la. Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la.


Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye.


Pou moun sa yo, li se “yon wòch k ap fè moun fè bitay, yon wòch k ap fè moun tonbe.” Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.


Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen.


Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”


“Si l difisil pou yon bon moun sove, imajine kisa ki pral rive moun k ap naje nan peche ak nan mechanste?”


Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen.


Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa.


Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale.


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


Si yon moun pa pran swen pwòp fanmi li, sitou paran pwòch li yo, se yon moun ki abandone lafwa, li pi mal pase yon payen.


Si nou rete fidèl menm nan soufrans, n ap renye avè l tou. Si nou refize di nou konnen l, l ap refize di li konnen nou tou.


Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite.


Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite