Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 4:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Jezi reponn li: — Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”

Gade chapit la Kopi




Jan 4:10
49 Referans Kwoze  

Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”


Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”


Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò.


Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.


Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la.


Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a.


Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo.


Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la.


Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!


Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou.


Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.


Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.


Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite