Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 3:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’

Gade chapit la Kopi




Jan 3:7
17 Referans Kwoze  

Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la?


Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”


Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti.


Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”


Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la.


Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo.


Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite