Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 21:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Simon Pyè, Toma yo te rele Didim nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 21:2
12 Referans Kwoze  

Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak pitit Alfe ak Tade,


Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo.


Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou. Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.”


Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”


Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”


Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la.


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”


Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite