Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 18:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?” Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: — Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: — Non. Mwen pa disip nonm sa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”

Gade chapit la Kopi




Jan 18:25
13 Referans Kwoze  

Pandan tan sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Youn nan sèvant Granprèt la di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.”


Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt.


Moun yo limen yon dife nan mitan lakou a epi yo tout chita ap chofe dife. Pyè tou vin chita nan mitan yo.


Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.”


Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite