Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 18:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l tou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.

Gade chapit la Kopi




Jan 18:18
16 Referans Kwoze  

Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.


Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”


Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.


Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?” Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”


Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.


Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou.


Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo.


Pa twonpe tèt ou: “Move zanmi ap detwi bon abitid ou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite