Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 13:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!” Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Pye di li: — Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: — Si m pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”

Gade chapit la Kopi




Jan 13:8
28 Referans Kwoze  

Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay kon sa rive!”


Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.


Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.”


Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou.


Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!”


Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!”


Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.


Kounye a, kisa w ap tann ankò? Leve non, resevwa batèm. Mete konfyans ou nan Kris la pou peche w yo kapab lave.


Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.


Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li.


Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo. Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè.


Se vre, kalite prensip sa yo sanble ak prensip sajès. Poutan, se yon bann prensip ki pa vo anyen. Yo itil nan satisfè dezi feblès lachè yo sèlman.


li te sove nou, paske li fè nou gras. Se pa paske nou te fè anyen pou sa. Li te lave peche n yo fè n vin pwòp, li ban nou nouvo lavi pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.


Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo, yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite