Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 13:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gentan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskaryòt la, pou l te trayi Jezi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:2
14 Referans Kwoze  

Simon, zelòt la ak Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.


Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt,


Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon.


Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.”


li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li.


Pyè di li: “Ananyas, poukisa ou kite Satan ranpli kè w konsa? Ou sere nan kòb jaden an epi ou vin bay Sentespri a manti?


Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou.


Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.


Se Bondye ki mete nan kè yo pou yo fè sa, pou l rive atenn objektif li, yon sèl objektif: mete pouvwa yo nan sèvis bèt la, jouktan pawòl Bondye yo fin reyalize.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite