Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 12:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:1
13 Referans Kwoze  

Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.


Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo.


Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo.


Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè. Boutèy la te plen pafen.


Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete.


Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!”


Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou. Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”


Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la.


Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm.


Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la.


Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite