Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 11:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lè Jezi tande nouvèl la, li di: — Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”

Gade chapit la Kopi




Jan 11:4
20 Referans Kwoze  

Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”


Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”


Papa, fè wè glwa w non!” Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”


Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou,


tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.


Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.


Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an.


Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a. Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.”


Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè.


Konsa, m ap mande, lè pèp Bondye a pa koute l, èske sa detwi yo nèt? Se pa sa ditou! Men, bitay Jwif yo fè a fè moun ki pa Jwif yo jwenn delivrans Bondye bay la, poutèt pou Jwif yo ta vin jalou.


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


Si yo joure nou paske n ap mache ak Kris, nou se moun beni. Lè sa rive, sa montre Lespri Bondye ki chaje ak glwa a avèk nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite