Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 5:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 N'ap byen mennen, n'ap jwi sou latè. Nou tankou bèt k'ap gra pou labatwa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa.

Gade chapit la Kopi




Jak 5:5
28 Referans Kwoze  

Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan.


Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri.


Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje.


Li te renmen laglwa ak richès anpil. Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy. Li t ap di nan kè li: M chita sou fotèy rèn mwen. Mwen pa yon vèv; m p ap janm an dèy.


Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye.


Konsa yo va soufri. Se kon sa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.


Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye.


Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite