Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

Gade chapit la Kopi




Jak 4:7
32 Referans Kwoze  

Aksepte nouvo prensip lavi m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt.


Pòl kontinye pale: “Wa Agripa, apre m fin wè yon vizyon kon sa ki sot nan syèl la, mwen obeyi.


Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”


Yo pa konprann kisa Bondye fè pou l ka sove nou. Epi y ap eseye nan fason pa yo pou yo parèt jis devan Bondye. Konsa, yo derefize aksepte fason Bondye vle sove moun.


Paske Bib la di: “Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon, tout moun va mete ajenou devan m; tout moun va di se Bondye mwen ye.”


Piga nou bay Satan chans ditou pou l pran avantaj sou nou.


Se pou nou soumèt nou youn anvè lòt, poutèt respè nou gen pou Kris la.


Se sa k fè menm nou dwe pran tout zam Bondye ban nou yo, pou lè jou batay la rive, nou ka kanpe fèm devan lènmi an. Wi, fè tout sa poutèt pou, apre batay la fin i, nou ka kontinye kanpe nan pozisyon nou.


Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi.


Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a.


Konsa se pou nou soumèt nou devan Bondye ki gen tout pouvwa a pou li menm li ka leve nou lè lè a va rive.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite