Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Èske w panse Bib la pa di anyen? Li di: “Lespri Bondye fè abite nan nou an vle se pou li sèl pou nou ye.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

Gade chapit la Kopi




Jak 4:5
24 Referans Kwoze  

Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a.


Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.”


Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.”


Yon gwo jalouzi te vin pete pami douz zansèt nou yo kont Jozèf, pwòp frè yo. Konsa, yo vann li pou l al esklav nan peyi Lejip. Men Bondye pa t lage Jozèf. Li te toujou ansanm avè l.


Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal.


Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”


Èske nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite