Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.

Gade chapit la Kopi




Jak 4:3
25 Referans Kwoze  

Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a?” Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”


Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Èske nou ka batize nan menm batèm avè m?”


Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.


Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch.


Epoutan, lè pitit gason w nan retounen, apre l fin gaspiye tout byen w yo nan pran plezi ak fi pwostitiye, ou touye pi bèl ti bèf ou a pou li!


Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou?


Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi.


Nou kapab pwoche bò kote Bondye avèk konfyans, si nou mande yon bagay ki nan volonte l, l ap koute nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite