Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Nou anvi yon dal bagay, men nou pa ka posede yo. Lè konsa nou tou pare pou nou fè krim. Nou gen lanbi sou sa ki pa pou nou, men nou pa ka jwenn yo. Lè konsa se kont, se goumen. Nou pa jwenn sa nou bezwen paske nou pa mande Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.

Gade chapit la Kopi




Jak 4:2
14 Referans Kwoze  

Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch.


Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou.


Nenpòt moun ki pa renmen frè l ak sè l, se yon asasen li ye. Epi, nou konnen sa, okenn asasen pa gen lavi etènèl.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite