Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 3:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz. Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay. Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti!

Gade chapit la Kopi




Jak 3:5
25 Referans Kwoze  

Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite