Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 3:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Frè m yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.

Gade chapit la Kopi




Jak 3:1
30 Referans Kwoze  

Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li.


Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre.


Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”


Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.


Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou.


Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo?


Nan legliz Antyòch la, te gen kèk pwofèt ansanm ak moun ki t ap anseye fidèl yo. Moun sa yo se te Banabas, Simeyon (yo te rele l mesye ki nwa a), Liziyis, moun lavil Sirèn nan, Manayèn (ki te leve ansanm ak wa Ewòd), ak Sòl.


Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang.


Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.


Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la.


Yo vle pou moun konsidere yo kòm moun k ap anseye lalwa, men yo pa konn sa y ap di. Yo pa menm konprann anyen nan sa yo di yo konnen trè byen an.


Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.


Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè.


Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, kon sa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè kon sa li p ap nan avantaj nou ditou.


Frè ak sè byeneme m yo, an n pa twonpe tèt nou.


Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè.


Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa!


Pa chache domine sou moun sa yo Bondye mete sou kont nou. Men, nou dwe yon bon egzanp pou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite