Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 2:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.” Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Jak 2:23
22 Referans Kwoze  

Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li.


Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di:


Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris, li menm ki fidèl.


Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”


Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”


Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch.


Nou pa li sa ki ekri nan Bib la: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.


Bib la di: “Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè, mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an. Moun ki mete konfyans yo nan li p ap janm wont.”


Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat.


Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.


Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite