Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jak 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:5
31 Referans Kwoze  

Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la.


Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi.


Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l.


Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif.


Pou sa yo ki sou wout pèdisyon, pafen an gen odè lanmò. Epi li pote lanmò pou yo. Men pou sa yo ki sou wout delivrans lan, pafen an gen odè lavi. Epi li pote lavi. Kilès ki diy ase pou fè travay sa a?


Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite