Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 1:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Yon frè ou yon sè ki rich, li dwe santi l fyè, lè sitiyasyon lavi a imilye l. Richès yo p ap fè yo viv pou tout tan, y ap disparèt menm jan ak flè pye bwa nan raje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:10
19 Referans Kwoze  

“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen, paske wayòm syèl la se pou yo.


E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!


Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se kon sa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò.


Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris.


Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo.


Poutan, ou pa menm konnen sa k ap rive demen. Lavi w, se menm jan ak yon ti nyaj. Li parèt pou yo ti tan, apre sa, li disparèt.


Bib la di: “Moun se tankou zèb yo ye, tout chèlbè y ap fè a, se tankou flè nan jaden. Yo seche epi yo tonbe.


Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite