Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Galat 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

Gade chapit la Kopi




Galat 1:5
23 Referans Kwoze  

Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikris pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.


Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.


Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye.


N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn!


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!


Tout puisans se nan Bondye sa rete pou tout tan gen tan. Amèn.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!


Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”


Zanj yo t ap di byen fò: “Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la. Li diy pou l resevwa onè, glwa, ak louwanj!”


Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite