Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filipyen 2:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 2:13
39 Referans Kwoze  

Ti twoupo mouton m yo, nou pa bezwen pè, paske Bondye Papa nou pran plezi pou l ban nou Wayòm nan.


“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l.


Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.” Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen.


Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.”


Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.


Poutèt Bondye fè m yon gras espesyal pou m di nou tout: Pa bay tèt nou plis enpòtans pase sa n genyen. Nou dwe wè tèt nou jan nou ye a, dapre kantite lafwa Bondye ban nou chak.


Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.” Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm.


Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle.


Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.


Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.)


Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè.


Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l.


Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou.


Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen.


Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste.


Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite