Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 M ap tou pwofite di w pare yon chanm pou mwen, paske, mwen sèten Bondye ap reponn priyè nou yo, y ap lage m pou m vin jwenn nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, m kwè Bondye va tande nou, l'a fè m favè vin jwenn nou ankò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:22
13 Referans Kwoze  

Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo.


Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.


M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.


Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.


Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikris va ban mwen.


Mwen menm tou, m kwè, ak sekou Senyè a, mwen p ap pran tan pou m rive al wè nou.


M ap ankouraje nou pou n priye sitou pou Bondye ka pèmèt mwen tounen vin jwenn nou pi vit.


Mwen vle fè nou konnen frè nou Timote lage, li pa nan prizon ankò. Si l vini nan yon tan ki pa long, mwen menm ansanm avè l n ap pase wè nou.


Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans.


Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt.


M swete pa twò lontan mwen ka vin wè nou, lè sa a n a pale fasafas.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite