Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a:

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:2
7 Referans Kwoze  

M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre.


Salye legliz ki reyini lakay yo a tou. M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.


Legliz ki nan pwovens Lazi yo voye salitasyon pou nou. Akilas ak Prisil salye nou nan non Senyè a. Legliz ki reyini lakay yo a voye salitasyon pa yo tou.


Pou kounye a, mwen panse m dwe voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, li se konpanyon mwen, yon sòlda menm jan ak mwen epi tou se li nou te delege pou ban m asistans nou lè mwen te nan bezwen.


Salye frè ak sè ki nan Lawodise yo pou nou, ansanm avèk Nenfas ak legliz ki lakay li a.


Di Achip konsa: Pran prekosyon ak travay Senyè a ba li a, pou l ka fè l byen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite