Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 8:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Lè Madoche kite palè a, li te abiye tankou yon wa. Li te gen yon wòb wayal ble ak blan sou li, yon wòb ki fèt ak twal len blan byen fen epi ak yon manto koulè vyolèt ki fèt ak twal len, ak yon kouwòn byen laj ki fèt ak lò sou tèt li. Tout lavil Souz t ap rele, yo t ap fete, yo te an jwa epi yo t ap bat bravo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Madoche sòti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè vyolèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.

Gade chapit la Kopi




Estè 8:15
15 Referans Kwoze  

Lakou a te dekore ak rido ki fèt ak twal len koulè blan ak ble. Yo te pandye yo nan riban ki fèt ak twal len koulè blan oubyen twal lenn koulè vyolèt. Riban yo te mare nan bag an ajan yo ki monte sou ki fèt an mab. Te gen nan lakou a plizyè plas pou moun chita ki te fèt ak lajan ak lò. Lakou a menm te pave ak wòch koute chè, yo te byen poli epi ak plizyè koulè an mab.


Yo te ekri nan Liv istwa wa Mèd ak Pès la tout gwo bagay wa Asyeris te fè ki montre gwo fòs pouvwa li. Yo ekri nan liv sa tou tout istwa ki konsènen Madoche ak tout gwo bagay wa a fè pou onore li.


Sou lòd wa a, mesaje yo prese pote lèt yo ale tout kote nan wayòm nan. Yo bay mesaj la kote palè a ye a tou, nan lavil Souz la. Apre, wa a ak Aman te chita ansanm pou yo bwè. Epoutan, moun nan lavil Souz te boulvèse anpil lè yo te tande nouvèl sa a.


Lè pèp Jwif la te sou twazyèm jou jèn yo, Estè mete wòb rèn li sou li epi l al kanpe nan lakou ki anndan bò palè wayal la, anfas kote twòn wa a ye a. Wa a te chita sou twòn li sou estrad la ki bay fas lakou a.


Lè sa a, Aman te kòmanse fè dyòlè pou anpil richès ak anpil pitit gason li genyen. Li rakonte yo tout jès wa a fè pou li onore l. Li di yo wa a ba li gwo pwomosyon paske li mete l chèf sou tout lòt lidè ak ofisye l yo.


Alò, Aman pran wòb la ak tout chwal la. Li mete wòb la sou Madoche epi li fè l monte sou do chwal la. Apre sa, li kenbe tèt chwal la pandan yo fè tout tou vil la. Aman te rele byen fò: “Men kijan wa a fè pou yon moun li vle onore.”


se pou l fè sèvitè l yo pran wòb espesyal wa a konn mete epi chwal li konn monte. Se pou yo mete yon kouwòn wayal sou tèt chwal la.


Kon mesaje yo fin resevwa lòd sa a, yo monte chwal wayal yo ki te drese espesyalman pou wa a pou yo al gaye nouvèl la. Yo bay nouvèl la nan sitadèl la ki nan Souz, kapital la tou.


Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete.


M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo.


Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite