Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 8:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Kon mesaje yo fin resevwa lòd sa a, yo monte chwal wayal yo ki te drese espesyalman pou wa a pou yo al gaye nouvèl la. Yo bay nouvèl la nan sitadèl la ki nan Souz, kapital la tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.

Gade chapit la Kopi




Estè 8:14
13 Referans Kwoze  

Wa Asyeris t ap viv nan palè li ki te tabli nan sitadèl la nan lavil Souz. Se te kapital wayòm Pès la.


Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo.


Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.


Yo voye yon kopi dekrè sa a nan chak pwovens ki nan wayòm nan. Lòd sa dwe tounen yon lwa epi li dwe al jwenn tout moun, tout kalite nasyon ki nan wayòm nan. Konsa, tout moun va prepare pou jou sa a.


Sou lòd wa a, mesaje yo prese pote lèt yo ale tout kote nan wayòm nan. Yo bay mesaj la kote palè a ye a tou, nan lavil Souz la. Apre, wa a ak Aman te chita ansanm pou yo bwè. Epoutan, moun nan lavil Souz te boulvèse anpil lè yo te tande nouvèl sa a.


Yo voye lèt sa a nan chak vil pwovens yo epi pou yo li an piblik pou tout moun tande, se te yon lwa. Wa a te fè sa, pou Jwif yo te ka mete yo prè pou yo vanje tout lènmi yo a nan jou sa a.


Lè Madoche kite palè a, li te abiye tankou yon wa. Li te gen yon wòb wayal ble ak blan sou li, yon wòb ki fèt ak twal len blan byen fen epi ak yon manto koulè vyolèt ki fèt ak twal len, ak yon kouwòn byen laj ki fèt ak lò sou tèt li. Tout lavil Souz t ap rele, yo t ap fete, yo te an jwa epi yo t ap bat bravo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite